Lèt Ouvè  Prezidan Michel Martelly

Lèt Ouvè                          
Fondasyon Limyè Lavi
Pwogram Pwoteksyon Timoun
Kanpay pou Elimine Sistèm Restavèk

Osijè:   Priyorite prezidan an:  Sityasyon timoun nan restavèk

Ekselans Michel Joseph MARTELLY, Prezidan Repiblik la

Premye Minis la, M. Gary CONILLE ak manm Gouvènman an

Prezidan Chanm Depite a, M. Sorel JACINTHE

Prezidan Sena a, M. Jean Rodolphe JOAZILE

Mesyedam Palemantè yo 

12 Out 2011

Mesyedam, responsab leta nan peyi Dayiti,

Nou menm òganizasyon kap travay pou pèmèt dwa tout timoun respekte, pran nòt sou priyorite prezidan Michel Martelly ak gouvenman li an bay bon kalite edikasyon gratis pou tout timoun nan peyi a, e nou pwofite atire atansyon nou, sou youn nan pi gwo dram sosyete ayisyen a ap viv, ki se Pratik  Restavèk la.

Yon restavèk se yon timoun kap viv nan move kondisyon kay lòt moun. Fanmi timoun sa a remèt li ba yon lòt fanmi oubyen yon etranje ki ta sipoze pran swen li, okipe l, voye l lekòl…  Men an reyalite sa paran ak timoun nan te espere a jwenn, pi souvan se pa sa li jwenn.  Yon timoun restavèk sibi divès kalite move tretman, divès fòm eksplwatasyon ak imilyasyon.  Li pase anfans li san li pa gen bon kontak ak paran li, san li pa jwenn afeksyon bò kote moun ki demontre li yo renmen li, an absans frè ak sè li, e souvan san li pa ale lekòl.   Dèfwa tifi yo sitou sèvi kòm objè seksyèl jèn gason ak granmoun ki andedan kay kote y ap viv.  Pratik Restavèk la se yon fòm esklavaj modèn ki dwe fè nou menm Ayisyen wont, nou menm ki se premye pèp nwa sou la tè ki te batay pou kwape sistèm esklavaj.  Malerezman nou konstate yon bon pati pou n pa di pi fò nan pèp Ayisyen ki sitèlman abitye ak sitiyasyon sa a panse li nòmal.  Non, li pa nòmal pou apre gwo batay zansèt nou yo te mennen pou libere peyi a anba sistèm esklavaj la pou nou kontinye ap trete timoun nou yo tankou esklav.  Okontrè, nou fèt pou n pran bon jan mezi vit-e-prese pou kwape li.

Se sa k fè Fondasyon Limyè Lavi ap prezante ba ou, Prezidan, ak tout ekip ki ap akonpaye w nan Gouvènman an, lis sijesyon sa yo :

  • Nou mande pou prezidan an fè yon deklarasyon piblik ki denonse Pratik Restavèk la kòm yon fòm esklavaj modèn pandan l ap mete (tout) pwa li nan balans la pou sosyete a fini avèk « pratik Restavèk » la.
  • Premye minis, prezidan an demontre a travè politik jeneral li restavèk la se yon priyorite
  • Palman an pran yon lwa ki pou entèdi Pratik Restavèk la nan tout peyi a.
  • Amelyore epi ranfòse sèvis sosyal leta yo ki fè prizanchaj timoun ki pa gen manman ak papa, timoun ki separe ak fanmi yo, timoun abandone, ak timoun nan restavèk.
  • Nome nan pòs kle yo tankou nan Ministè Afè Sosyal ak Travay, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, Ministè Lajistis, Ministè Kondisyon Fanm, Ministè Jenès ak Spò epi Enstiti Byenèt Sosyal ak Rechèch …… kalite moun konpetan ki konnen sityasyon soufrans timoun byen, epi ki ka travay pou elimine move pratik sa a nou rele restavèk.
  • Pote yon atansyon espesyal ak timoun nan restavèk nan elaborasyon ak egzekisyon pwojè gouvènman genyen pou pèmèt tout timoun al lekòl, annatandan sistèm restavèk la disparèt nèt nan peyi a.
  • Sipòte kreyasyon travay pou fanmi ki pi vilnerab yo jwenn diyite ak dekwa pou yo pran swen pitit yo, san yo pa oblije voye yo nan restavèk.
  • Mete lekòl nan andeyò pou paran sispann voye timoun yo lavil, amelyore kondisyon fanmi andeyò.

Ekselans, Fondasyon Limyè Lavi ak lòt òganizasyon siyatè yo konsyan chay la lou anpil pou gouvènman w lan, lè nou konsidere peyi a malad nan tout kò l, sa ki fè tout kalte entèvansyon sanse genyen priyorite.  Men, nou kwè pa genyen pi gwo priyorite pase timoun yo, sitou sila yo ki pi fèb e ki ap sibi tout kalite abi ak imilyasyon.  Nou menm tou, n ap kontinye pote kout men pa nou nan travay la pou elimine « Sistèm Restavèk » la nan peyi d'Ayiti.

Fondasyon Limyè Lavi ak lòt òganizasyon siyatè yo ap mande nou, pou nou resevwa salitasyon patriyotik yo.

Fondasyon Limyè Lavi

Òganizasyon ki sipòte mesaj la

1-    Beyond Borders

2-    ASR

3-    REDDE

4-    Pax Christi Ayiti

5-    Other Worlds

6-    GRAHDEL

7-    Restavèk Freedom

8-    Heartland Alliance