Beyond Borders
Home Who We Are What We Do How to Help News & Essays Forum Contact

Moun ki libere sou fòm otorite kontwòl-kòmande dwe pran plis responsablite pou travay yo ak pou devlopman pèsonèl pa yo.

 

Moun Pa Pyès Nan
Yon Machin

Yon ti atik John Engle te ekri.

 

Gade yon bwochi sou Eksperyans la ki kapab enprime (fòk gen PDF enstale sou konpitè w).

 

Si ou gen sijesyon, kòmantè, oubyen si ou vle jwenn plis enfòmasyon sou Eksperyans la, souple kontakte John Engle atravè kourye elektwonik: john@johnengle.net; oubyen atravè lapòs, Limyè Lavi, B.P. 15812, Pétion-Ville, Haiti oswa Lynx Air. Telefòn se : 512.3149

Yon pwojè John Engle ak asosye li yo an Ayiti

Pou apwofondi konpreyansyon ak eksperyans nan prensip, estrikti epi pratik ki rann moun otonom.

GWOSOMODO

Fòm lidèchip nou tout konnen yo ka kontrarye kreyativite, motivasyon ak inisyativ. An jeneral, nenpòt pozisyon pouvwa se yon lisans pou pale men pa pou koute; pou di men pa pou mande; pou bay lòd men pa pou sèvi. Kontrekare tandans sa yo se responsablite nou tout ki vle yon mond ki pi bon. Malerezman, mòd lidèchip sa a ki chita sou <<kontwòlkòmande>> gen mak li nan domèn travay devlopman entènasyonal, e rezilta natirèl li se rann moun pi depandan. Anpil moun di, “Peyi Dayiti se yon simityè pwojè devlopman.” Pri nou peye lè nou pa rann moun otonom se soufrans, neglijans kapasite imen, ak gaspiyaj.

Eksperyans la chita sou sipozisyon apwòch kontwòlkòmande ki toupatou nan lekòl, nan antrepriz, nan enstitisyon benevòl, nan òganizasyon debaz ak enstitisyon leta yo kontrarye evolisyon nòmal moun, gwoup ak sosyete a anjeneral. Eksperyans la se yon jefò pou dekouvri epi kreye kondisyon ki pèmèt lespri moun fleri. Nan peyi Dayiti, kote 80 pousan nan 8 milyon moun k ap viv nan mizè e ki pa konn li ak ekri, kè estrateji Eksperyans la se bay yon lòt kalite apwòch lidèchip. Sa mande nou kiltive prensip epi fè eksperyans ak estrikti òganizasyon ki chita sou pwen sa yo:

  • Yon modèl lidèchip pou sèvi, ki ankouraje epi sipòte moun nan pwosesis pou yo dekouvri talan ak pasyon yo.
  • Gwoup moun k ap aprann ansanm, kote moun ap chèche grandi ak evolye ansanm etan y ap rete solidè ak lòt ki bò kote yo, sitou sa sosyete a bliye epi mete sou kote.
  • Yon Lespri antreprenè, kote moun santi yo pouse pou inove ak pran risk pou rive acheve sa yo kwè ladan l.

ISTORIK

Sa gen 9 lane, gen de (2) òganizasyon ki te pran nesans: Limyè Lavi, yon fondasyon Ayisyen ki chita Pòtoprens, ak Beyond Borders, yon òganizasyon benevòl ki chita nan vil Filadèlfi nan peyi Etazini. Depi nan kòmansman, prensip fondamantal 2 òganizasyon sa yo se angajman pou gen yon estrikti san chèf nan nivo ekip moun k ap travay yo. Depi nan kòmansman, nou te dakò responsablite ap makonnen ak enterè e angajman olye se tit travay ki ta dikte responsablite. Nou te dakò tout desizyon t ap fèt sou baz konsansis olye yo fèt sou enpozisyon. Eksperyans kolektiv Limyè Lavi ak Beyond Borders montre plizyè bagay:

  • Moun ki libere sou fòm otorite kontwòl-kòmande dwe pran plis responsablite pou travay yo ak pou devlopman pèsonèl pa yo.
  • Moun sa yo devlope plis konfyans nan tèt yo e yo gen plis detèminansyon pou defini vi yo.
  • Yo gen mwens chans pou repwodwi pratik kontwòlkòmande a.
  • Lidè ki wè rezilta pozitif lè yon lòt lidè sèvi ak pratik ki site pi wo yo gen anpil chans pou adopte yo nan pratik pa l.

ESTRATEJI

Eksperyans la chita sou baz pou entegre prensip Lidèchip pou sèvi, Gwoup moun k ap aprann ansanm, ak Lespri antreprenè atravè inisyativ sa yo an Ayiti:

Pwojè Wonn Refleksyon, (Touchtones) te kòmanse an Ayiti nan lane 1997. Se yon estrateji pou nouri edikasyon ki chita sou baz diskisyon nan tout kalite klas lekòl ak gwoup. Atravè lekti ak diskisyon ki fèt sou yon seri tèks ki byen chwazi, etidyan/patisipan yo devlope abilite nan konprann sa yo li, panse kritik, dyalòg, ak animasyon gwoup. Pwofesè/monitè yo vin aprann pran konfyans nan kapasite etidyan/patisipan yo pou yo aprann san presyon e pwofesè/monitè yo vin aprann pran konfyans nan kapasite etidyan/patisipan yo pou yo pran responsablite pou edikasyon pa yo. Estrateji pou ogmante kantite enstitisyon, gwoup ak klas lekòl ki itilize Wonn Refleksyon reflete filozofi debaz apwòch metòd la nan yon gwoup. Menm jan etidyan/patisipan yo aprann kondwi avni yo – pran responsabilite pou edikasyon yo, moun ki patisipe nan Pwojè Wonn Refleksyon pran responsablite estratejik pou ogmante kantite pwofesè/monitè ak etidyan/patisipan k ap gen aksè ak metòd la. Jodi a, gen plis pase mil (1000) granmoun ak timoun ki patisipe nan sesyon Wonn Refleksyon chak semèn nan diferan zòn an Ayiti.

Rotalpha se yon inisyativ alfabetizasyon Rotary Club Dayiti yo. Depi 1998, gen plis pase de san (200) moun ki jwenn fòmasyon nan men fòmatè Rotalpha nan metòd KLE (Concentrated Language Encounter - CLE). Ak metòd KLE, timoun ak granmoun aprann li ak ekri nan kontèks pataj ak dokimantasyon istwa ak eksperyans. Anplis, angajman Klib Rotary Dayiti yo nan alfabetizasyon nouri echanj ant Ayisyen ki soti diferan kote ak diferan pèspektiv. Rotalpha pran angajman pou l gen yon kilti òganizasyon ki chita sou benevola, kolaborasyon laj ak inisyativ lokal.

Inisyativ Jwenn Resous se yon seminè pandan yon lane k ap regwoupe lidè kominotè toupatou atravè Ayiti ak reprezantan ajans ki bay finansman pou pataje ak aprann sou fason pou jwenn e byen jere resous lokal ak entènasyonal. Ansanm, vensenk (25) patisipan yo reprezante ven (20) òganizasyon diferan. Ansanm, yo te devlope e y ap ekzekite yon pwogram k ap pèmèt yo aprann planifikasyon pwojè, jesyon, evaliyasyon, ak kòman pou ekri pwojè pou jwenn finansman. Se òganizasyon k ap patisipe nan fòmasyon an ki kouvri frè inisyatif la. Pami òganizasyon sa yo, nou jwenn Limyè Lavi, Pwojè Wonn Refleksyon, Rotalpha, AAPLAG (Asosyasyon Animatè ak Peyizan Lagonav), PAPE (Promotion et d’Alphabetisation pour la Promotion de l’Enfants), ak Rasin Lespwa.

Metòd Espas Ouvri (www.openspaceworld.org) se yon metòd pou pèmèt tout kalite moun nan nenpòt kalite òganizasyon reyalize reyinyon ki byen motive. Metòd Espas Ouvri chita sou sipozisyon moun ki vrèman konsène sou yon kesyon e ki vle pran responsablite sou kesyon sa dwe jwenn opòtinite pou yo ekzèse responsablite a. Pandan kenz (15) lane ki sot pase yo, li vin klè Espas Ouvri kòm pratik lidèchip ka kreye òganizasyon ki byen dinamik, kote moun òdinè travay ansanm pou jwenn rezilta ekstrayòdinè regilyèman. Metòd Espas Ouvri se yon estrateji kle nan ekzekisyon pwojè nou site pi wo yo. Nan kad Eksperyans la, gen ladan l sipò teknik pou moun ki vle aprann anime rankont ak metòd Espas Ouvri a.

Pwogram Vwayaj Konsyantizasyon se yon pwojè Beyond Borders ki ofri moun ki sot nan peyi rich endistriyalize yo opòtinite vin an Ayiti epi fè konesans ak Ayisyen. Dis (10) lane eksperyans montre eksperyans rich sa yo ka bay rezilta ki chanje lavi vizitè yo. Yo ka vin pi angaje nan lit pou lajistis ak lape. Dyalog mennen konpreyansyon, ki anpil fwa enspire aksyon konkrè.

John Engle se youn nan moun ki te fonde Beyond Borders, Limyè Lavi, Pwojè Wonn Refleksyon, Rotalpha ak Inisyativ Jwenn Resous. Li fè pati konsèy administrasyon Enstiti Espas Ouvri ak Journey Into Freedom. Kòm John travay ak tèt li, se zanmi, fanmi li, ak oganizasyon li rann sèvis yo ki kouvri depans li ak salè li touche. Eksperyans la fonksyone sou kouvèti legal Beyond Borders ak Limyè Lavi. Pou plis enfòmasyon sou travay Beyond Borders, ale nan sit entènèt sa: www.beyondborders.net. Oubyen voye yon kourye elektwonik nan adrès sa: mail@beyondborders.net. Oubyen rele nan nimewo sa: 610-277-5045.

Si ou gen sijesyon, kòmantè, oubyen si ou vle jwenn plis enfòmasyon sou Eksperyans la, souple kontakte John Engle atravè kourye elektwonik: john@johnengle.net; oubyen atravè lapòs, Limyè Lavi, B.P. 15812, Pétion-Ville, Haiti oswa Lynx Air. Telefòn se : 512.3149



"Has not God chosen those who are poor in the eyes of the world to be rich in faith and to inherit the kingdom promised to those who love him?" James 2:5

[Home] [Who We Are] [What We Do] [How to Help] [News & Essays] [Forum] [Contact]


Copyright 2002 Beyond Borders