|
Moun
pa pyès nan yon machin
Ekri pa John Engle
Mwen
gen yon ti parabòl pou esplike
jan m wè sitiyasyon n ap viv aktyèlman.
Gen yon machin. Gen yon chofè k
ap kondui l epi gen pasajè nan
machin nan. Se chofè ak pasajè
ki deside kote machin nan prale epi ak
ki vitès. Machin nan gen pyès,
li gen gaz. Lè chofè a vire
volan, machin nan vire. Lè chofè
a vle ale pi vit, li bay plis gaz. Si
machin nan tonbe anpàn, se yon
mekanisyen ki pou ranje l. Si yon pyès
kase, yo ranplase l ak yon nouvo pyès
pou machin nan ka itil chofè a
ak pasajè yo ankò.
Nan
sosyete nou an, plizoumwen, gwoup moun
fonksyone tankou egzanp mwen sòt
bay la. Lidè ak moun reponsab yo
se chofè ak pasajè yo. Pyès
machin yo ki ansanm se machin nan, reprezante
moun ki anba lidè ak responsab
yo. Kit se yon saldeklas, kit se yon òganizasyon
debaz, yon legliz, yon ONG, yon antrepriz,
yon gouvènman, plizoumwen li tankou
yon machin: lidè ak responsab yo
sèvi ak moun ki pi ba yo.
Nou
pa bezwen yo gwo entèlektyèl
pou fè nou konnen ; youn (1), moun--imanite--pa
pyès machin, de (2), sistèm
mwen esplike anwo a pa fè sosyete
a rive lwen. Gade sityasyon ni nan peyi
dAyiti, ni nan lemonn. N ap jwenn konfli
toupatou. Souvan, gen fayit terib nan
lidèship lan. Epitou, nou wè
souvan moun pito fonksyone tankou pyès
machin. Olye nou wè tèt
nou responsab pou pwòp pati pa
nou nan evolisyon gwoup nou ak sosyete
nou, nou pito pa pran gwo responsabilite.
Nòmalman,
nan sosyete nou, lè yon moun gen
pouvwa sou lòt, tandans nou se
pou domine lòt. Se pou di l sa
pou l fè ak sa pou l pa fè.
Pi souvan, ak sistèm dominasyon
sa a, manke respè, yonn pou lòt.
Epi, lè gen yon mank respè,
bagay pa bon. Pral genyen pwoblèm
kanmenm. Li kapab nan kout tèm
swa long tèm men, lè yonn
pa respekte lòt, pral gen difikilte.
Listwa aprann nou sa.
Metòd
Espas Ouvri ak Wonn Refleksyon, ban nou
yon lòt fason pou fonksyone nan
yon gwoup. Olyè se moun ki pyès
machin epi se lidè ki chofè
swa mekanisyen, nou vin pi sanble ak yon
jaden. Lè moun responsab la kiltive
byen, plant yo kapab sou chemen pou donnen
byen. Lè plant yo jwenn lapli,
solèy, bon tè ak sa yo bezwen,
chak plant nan jaden an pouse epi flèri.
Se pa kiltivatè ki fè plant
yo pouse. Se kiltivatè ki ede kreye
yon anviwònman ki bon pou plant
yo. Kidonk, plant yo donnen, granmèsi
Bondye.
Yon
gwoup moun se yon sistèm vivan.
Evolisyon moun ladan l se responsabilite
li menm ak Bondye. Lidè ak responsab
yo kapab ede fasilite yon anbyans ki favorize
sa, men, finalman se moun nan ak Bondye
ki responsab pou l devlope lespri l. Depi
yon lidè kreye yon anviwònman
ki bon pou moun epanouyi, sa pral rive
natirèlman menmjan avèk
plant nan yon jaden. Epi ansanm, gwoup
la pral evolye. Li pral vin pi kapab nan
jere sitiyasyon ki plizanpli konplèks.
Se sa nou bezwen jounen jodi a : ogmante
kapasite nou pou n jere yon monn k ap
vin pi konplèks chak jou.
Avèk
Espas Ouvri
ak Wonn Refleksyon,
n ap rann li posib pou moun viv yon lòt
kalite lidèchip ak dinamik nan
gwoup. N ap kreye yon anviwònman
kote moun ka reflechi ansanm epi kominike
lib e libè yonn ak lòt.
Nan anviwònman sa a, moun pral
aprann kòman pou pran plis responsabilite
pou desten yo. Epi, fòk lidè
ak responsab yo (pwofesè, direktè,
chèf, prezidan…) plis wè
tèt yo kòm kiltivatè
nan yon jaden, pa yon chofè machin.
Zouti ki pral ede yo pi plis se aprann
koute lòt epi kòman pou
kreye espas ak anviwònman ki favorize
plis dyalòg ak respè nan
mitan tout moun k ap kolabore ansanm.
Espas
Ouvri se yon filozofi, yon pwatik,
yon pwosesis ki fè l posib pou
nenpòt gwoup, piti oswa gwo, pou
oto-òganize (vin ansanm epi jere
tèt yo) nan yon fason efikas pou
abòde epi akonpli travay ki enpòtan
epi ki kapab trè konplèks.
Wonn
Refleksyon se yon estrateji pou
nouri edikasyon ki chita sou baz diskisyon
nan tout kalite klas lekòl ak gwoup.
Atravè lekti ak diskisyon ki fèt
sou yon seri tèks ki byen chwazi,
etidyan/patisipan yo devlope abilite nan
konprann sa yo li, panse kritik, dialog,
ak animasyon gwoup.

|