Zouti

ak Kolaboratè

Klike la pou tounen "HOME"

Klike la pou "download" enfòmasyon sou fòmasyon sa ni an kreyol ni an franse nan yon dokiman " word."

Fòmasyon entansif sou metòd Espas Ouvri     N ap jwenn li an franse pi ba

Villa Manrese

Port au Prince (Turgeau), Haiti

24 – 25 mas 2008

 

Gade foto ki soti nan semine a

klike sou foto a menm pou we plis foto

Gade videyo ki soti nan fòmasyon an

klike la pou gade videyo

 

KI KALITE FOMASYON SA YE ?

Espas Ouvri se yon metòd pou anime rankont ak konferans, epi pou ede moun kolabore pi byen. ONG, antrepriz, gouvènman ak lòt enstitisyon nan lemond antye ap sèvi avek Espas Ouvri. Metòd sa a gentan sèvi nan plis pase 130 peyi, epi moun temwaye li ede gwoup ak endividi menm devlope kapasite pou pran responsabilite pou lide yo. Espas Ouvri se yon fason pou envite kreyativite ak inovasyon, kit se oganizasyon ou, kote ou travay, kominote ou, legliz ou, antrepriz ou, nan fanmi ou, e menm pou lavi pesonel ou. Pou aprann pi plis sou Espas Ouvri nan lemond ale sou www.openspaceworld.org epi ann Ayiti ale sou : www.espasouvri.org

 

OBJEKTIF FOMASYON AN

Pemèt patisipan aprann epi apwofondi sou lide debaz Espas Ouvri, epi koman ak ki sikonstans pou sèvi ak metòd la.

 

KI MOUN KI KAPAB PATISIPE NAN FOMASYON SA A ?

  • Manm KFEL yo ( KFEL se yon komite ki bay lidèchip nan yon fòmasyon ki rele Kominote Aprantisaj. Ale sou www.eksperyansla.info pou aprann pi plis.)
  • 2 moun nan chak gwoup ( genyen twa gwoup ) ki fenk konplete fòmasyon 6-mwa, Kominote Aprantisaj
  • Moun ki fè pati nan oganizasyon, enstitisyon oswa gouvènman ki enterese nan lidèchip patisipatif.

 

POUKISA METOD ESPAS OUVRI ENPOTAN JOUNEN JODI A ANN AYITI ?

N ap viv nan yon kontèks kote bon lidèchip ap vin pi enpòtan chak jou. Peyi nou ap konfwonte pwoblèm grav tankou grangou, pi fò nan timoun Ayisyen pa p jwenn bon edikasyon, koripsyon, viyolans, anviwonnman k ap deteryore chak jou, elatriye. Epitou, kominote yo ap vin pi sansib sou kesyon patisipasyon. Anpil moun ap pale sou enpòtans dyalòg ant moun nan sektè divès. Genyen enstitisyon entènasyonal k ap egzije inisyatif yo soti nan kominote defavorize menm epi se manm kominote k ap responsab pou jere. Yon sityasyon ki konplike konsa mande nou repanse pratik ak lide nou. Metòd Espas Ouvri  se youn nan zouti enpòtan ki kapab ede nou abòde defi n ap konfwonte. 

 

PWOGRAM

Nou pral sèvi ak metòd Espas Ouvri pou rankont sa, yon metòd patisipativ ki mete responsabilite pou program nan, nan men tout patisipan. Pou moun ki pratike Espas Ouvri deja, sa pral ba w opòtinite pou apwofondi epi pataje eksperyans ou. Sa pral bay nouvo moun posibilite dekouvri Espas Ouvri.



Lendi 24 mas


8 è pou 10:30        Rive, enstale, anrejistre


10:30 – Midi           Prezantasyon chak moun ak entwodiksyon metòd Espas ouvri


Midi                        Manje ansanm


1:30 – 5 è              Atelye - Posibilite yo :


Espas ouvri : Ki kesyon nou vle diskite ?
Ki eksperyans nou vle pataje ?
Ki pwen enpòtan nou vle abòde ?

Lòt ?


5 è – 5:30              Gwo wonn


6 è                         Soupe


7:30 – 9 è              Kreye senaryo pou travay nan atelye demen

Madi 25 mas


7:15                       Ti dejene


8:30 – 9 è              Gwo Wonn - anons, nouvèl ak refleksyon


9 è – midi               Atelye sou senaryo


Midi                        Manje ansanm

1 è – 3 è                Prezantasyon chak gwoup ak diskisyon


3è – 5                    Evalyasyon ak refleksyon sou jounen an
                              Denye koze, depa.

KI SA PATISIPAN AP APRANN KONKRETMAN ?

1. Etap yo pou fòme yon komite epi ede yo prepare pou yon espas ouvri.

2. Prinsip ki kapab gide yon komite k ap travay sou yon tèm ak lèt envitasyon.

3. Ki sa lèt envitasyon bezwenn kominike.

4. Koman pou prepare espas la.

5. Koman pou anime Espas Ouvri a - nan komansman epi finisman elatriye.

6. Swivi apre yon rankont Espas Ouvri.

7. Koman pou prepare yon kontra kòm konsiltan Espas Ouvri.

 

ANIMATE YO

Fremy Cesar  lisansye nan Sosyoloji, kofondate Bibliotek Rasin Lespwa, ap fasilite rankont Espas Ouvri depi anviwon 9 lane. Li se kowodonate yon pwogram devlopman lidechip nan Limye Lavi (www.eksperyansla.info). Li se kofondate ak pwomote Enstiti Espas Ouvri ann Ayiti. Kom konsiltan Espas Ouvri, li travay pou “Concern World Wide” , AGI, Fonkoze, Vizyon Dwa Ayisyen ak anpil lot oganizasyon lokal tou patou ann Ayiti.

John Engle, kofondatè Fondasyon Limyè Lavi ak Beyond Borders (www.beyondborders.net), ap sèvi ak metòd espas ouvri pou pi plis pase 15 an. Li se manm Konsèy Administrasyon Open Space Institute, USA ( Enstiti Espas Ouvri Ozetazini ) pandan 4 an. Kòm yon konsiltan nan Espas Ouvri (www.johnengle.net) li konn travay ak Bank Mondial, Amnesty International, avek anpil lòt enstitisyon ak konpayi.

Abelard Xavier  animate sosyal, kofondate Rasin Lespwa ak Bibliotek Rasin Lespwa. Li kowodone nan tet kole ak Fremy Cesar e John Engle pwogram “Eksperyansla”  (www.eksperyansla.info). Li sevi ak metod Espas Ouvri pou devlope e fe pwomosyon metod “ Refleksyon Bib la”.

 

FRE PATISIPASYON

  • Manm rezo KFEL 

           

$  80 US – fòmasyon, lojman pandan youn (1) nwit ak piti dejene,

                      manje midi, ak soupe.

Genyen kek bous ki disponib. Kontakte nou si oganizasyon ou pa ka kouvri depans sa a epi ou enterese resevwa yon bous.

 

  • Lòt patisipan

$ 125 US – fòmasyon, manje midi pandan 2 jou.

                                         

$ 200 US – fòmasyon, lojman pandan youn (1) nwit ak piti dejene,

                      manje midi, ak soupe.

 

KI KOTE ?

Villa Manrese

Port au Prince (Turgeau), Haiti

KOMAN POU ANREJISTRE ?

Voye yon mesaj imel  pou Abelard Xavier : xabelard@yahoo.fr oubyen rele l nan nimewo : 509-656-0644.

Denye dele pou peye pou moun ki pa fè pati nan KFEL se 13 mas. Si se ak yon chèk w ap peye, ekri chèk la nan non Villa Ormiso.

ESKE GENYEN LOT KESYON ?

Kontakte :

Abelard Xavier : xabelard@yahoo.fr , 509-656-0644

John Engle : john@johnengle.net   202-236-6532

Fremy Cesar : fremycesar@hotmail.com

 

PLAS YO LIMITE ! KONTAKTE ABELARD PI VIT POSIB SI OU VLE PATISIPE.

Bon patisipasyon !!!

Klike la pou "download" enfòmasyon sou fòmasyon sa nan yon dokiman " word."

(N ap jwenn pwogram fòmasyon an nan dokiman an.)

Avek Espas ouvri, tout bagay baze sou pasyon ak resposabilite.

Seminè sa a baze sou prensip Espas ouvri yo.

 Se nou tout ki responsab pou rezilte seminè a. Mèsi pou patisipasyon PA OU!

 

 

Séminaire de formation sur le « Forum Ouvert »

Villa Manrese

Port au Prince (Turgeau), Haïti

24-25 mars 2008.

 

EN QUOI CONSISTE CE SEMINAIRE DE FORMATION ?

Le « Forum Ouvert » est une technique d’animation innovante et particulièrement puissante lorsqu’il s’agit de développer le leadership, d’accélérer la mobilisation et de faciliter la communication et la cohésion des collaborateurs.

Le Forum Ouvert s’inspire des principes de démocratie participative qui favorisent l’ouverture, l’esprit d’initiative, la prise de décision et garantit un très haut niveau de participation.  Cette méthodologie permet d’organiser des rencontres de un à trois jours si vous souhaitez avancer le travail jusqu’à l’élaboration des plans d’actions. Cette approche est tout à fait adaptée pour des groupes de 20 à 500 participants et ce, quel que soit le type de population ou l’activité de l'organisation, et on l’utilise dans plus de 130 pays dans le monde.

La technique du Forum Ouvert consiste à rassembler la totalité du système dans un même lieu. Le résultat est exceptionnel. Pour plus d’informations, visiter : www.espasouvri.org

 

 

OBJECTIF DE LA FORMATION :

Permettre aux membres du réseau KFELL à parfaire leur connaissance et d’acquérir des capacités afin de pouvoir exercer leur leadership dans le cadre du Forum Ouvert.

 

 

PUBLIC CONCERNE:

  • Membres du réseau KFEL (KFEL est un comite qui favorise la formation en leadership au sein d’une communauté d’apprentissage. Visitez : www.eksperyansle.info pour plus d’infos.
  • 2 participants par groupe (il y a trois groupes) qui viennent d’avoir une formation complète pendant six mois).
  • Tout membre d’organisation ou d’institution désireux de bâtir et mettre en oeuvre, au service de la performance, une intelligence qui ne soit plus le fait d’une personne ou d’un groupe éclairé mais celle de tous.

 

 

POURQUOI LA  METHODE DU FORUM OVERT DE NOS JOURS ?

Dans un contexte ou le leadership et le management des organisations devient de plus en plus important. Les communautés deviennent de plus en plus sensibles en ce qui a trait a la participation et le processus de prise de décisions dans les différentes actions sociales. Les organisations ainsi que certains chefs communautaires évoluant dans des milieux défavorisés et conflictuels ont besoin des outils efficaces.

Afin d’aider les dirigeants de s’approprier de ces outils, nous proposons un model opérationnel, véritable outil d’orientation du dirigeant pour mener ses actions dans le cadre d’un plan stratégique: le Forum Ouvert.

 

PROGRAMME DE LA FORMATION

Nous utiliserons la méthode du Forum Ouvert au cours de cette rencontre, une méthode participative qui met la responsabilité du programme entre les mains des participants. Pour ceux qui ont l'habitude de pratiquer le Forum Ouvert, ils auront l'opportunité d'approfondir leurs expériences. Pour ceux qui n'en ont pas, ils feront une découverte positive et agréable.

 

LES POINTS FORTS A ABORDER AU COURS DE CETTE FORMATION

1. Les étapes de formation du comite de planification d’un Forum Ouvert.

2. Les principes guidant le travail du comite de planification.

3. Les caractéristiques d’une lettre d’invitation.

4. Comment préparer l’espace pour un Forum Ouvert.

5. Comment animer un Forum Ouvert – Du début a la fin.

6. Comment assurer le suivi après un Forum Ouvert.

7. Comment préparer un contrat de consultation de Forum Ouvert

 

 

Animateurs :

Fremy César, licence de Sociologie, co-fondateur de la Bibliothèque Rasin Lespwa, facilite des rencontres avec  la méthode Forum Ouvert depuis 9 ans. Il est coordonnateur d’un programme de Leadership à la Fondation Limyè Lavi. Il est co-fondateur et promoteur de l’Institut du Forum Ouvert en Haïti. Comme consultant du Forum Ouvert, il a déjà travaille pou « Concern World Wide », « Alternative Gift International » (AGI), Fonkoze, « Vizwon Dwa Ayisyen » et de beaucoup d’autres organisations locales à travers Haïti.

John Engle, co-condateur de la Fondation « Limyè Lavi » et Beyond Borders, se sert de la méthode du Forum Ouvert depuis plus de 15 ans. Il est membre du conseil d’administration de l’Institut de Forum Ouvert aux États-Unis depuis 4 ans. Il a travaillé, comme consultant du Forum Ouvert, pour Banque mondiale et Amnistie Internationale, et plusieurs autres institutions et entreprises américaines.

Abélard Xavier, animateur social, co-fondateur de Rasin Lespwa et de la Bibliothèque Rasin Lespwa. Il coordonne avec Fremy César et John Engle le programme « Eksperyansla » (www.eksperyansla.info). Il se sert de la méthode du Forum Ouvert pour développer et promouvoir la méthode «  Refleksyon Bib la » en Haïti.  

 

Frais de participation :

A) Membres du réseau KFEL 

   $ 80 US – Enregistrement, logement pour deux nuits et nourriture (7 repas).

Possibilité d’obtenir une bourse, le cas ou votre organisation ne pourra couvrir les frais de formation.

B) Autres

   $ 125 US -  Formation, repas de midi pendant 2 jours

   $ 200 US – Formation, logement pendant 1 nuits et 4 repas pendant 2 jours.

Local :

  

   Villa Manrese

   Port au Prince (Turgeau), Haiti

Pour enregistrer :

Envoyer un message à Abélard Xavier : xabelard@yahoo.fr ou appeler le : 656-0644.

Dernier délai pour payer pour ceux qui ne font pas partie de KFEL est le 13 mars. Si le paiement se fait par cheque, écrivez -le au nom de Villa Ormiso.

 

Pour plus d’informations :

Contacter :

Abélard Xavier : xabelard@yahoo.fr  509-656-0644

John Engle : john@johnengle.net  202-236-6532

Fremy César : fremycesar@hotmail.com 

 

Les places sont limitées, n’attendez pas jusqu’au dernier moment. Contactez Abélard Xavier le plus tôt possible.

Bonne participation !!

 

Avec le Forum Ouvert, tout se base sur  passion et responsabilité.

Ce séminaire se déroule sur les principes du Forum Ouvert.

 Le résultat du séminaire sera le fruit de notre effort collectif.

Merci de votre participation!

© 2004 Beyond Borders