Beyond Borders
Home Who We Are What We Do How to Help News & Essays Forum Contact

Our Work

Transformational Travel

Apprenticeship in Shared Living

Crisis & Opportunity

Literacy Centers

Teacher Training

Education Reform

Children's Rights Campaign

Leadership Development

Strengthening Local Organizations

Principles of Engagement

Partner Organizations

 

 

 

Wòch nan Dlo

 

>> See English version of this document

Pa Konn Mizè Wòch nan Solèy

Bouyon Avril 1999

Dokiman sa a esplike Prensip Limyè Lavi ak Beyond Borders dwe swiv lè l ap finanse pwojè.

Sa pwovèb la di se laverite. Se moun k ap soufri ki konn pwoblèm yo genyen an tout bon vre. Se yo menm tou ki gen plis enterè pou pwoblèm pa yo rezoud.

Òganis yo ki gen mwayen finans, teknik, e materyèl, e ki gen misyon pou yo ede moun ki nan nesesite, se wòch nan dlo yo ye. Pwoblèm y ap ede rezoud se pwoblèm lòt moun, se pa pwoblèm pa yo.

Souvan, òganis ki la pou ede yo konn fè anpil mal pandan y ap eseye fè byen. Pa egzanp:

  • Yo konn ranfòse yon seri moun k ap peze souse lòt moun.
  • Fason yo entèvni a konn fè moun konprann yo pa ka fè anyen pou ede tèt yo san se pa etranje ki bay yo èd.
  • Yo konn fè moun konprann tout sa yo genyen lakay yo pa bon, men se bagay etranje ki toujou siperyè.
  • Yo konn fè moun depan twòp sou èd y ap bay la.
  • Resous yo konn pa janm rive ede moun ki nan nesesite yo vre.
  • Yo konn deranje sistèm sosyal nan yon kominote. Menm si sistèm ki te la deja a pa t bon, si kominote a vire tèt anba, sa gen dwa vin pi mal.

Poutèt tout bagay sa yo, konn gen reyaksyon ki fèt kont kèk òganis. Òganis yo konn sibi dechoukay. Gen moun tou ki vin doute sou bon volonte òganis yo. Yo kwè yo fè pati yon konplo pou kenbe pèp la anba dominasyon.

Nan LL, nou kwè li posib pou òganis yo ka jwe yon wòl pozitif nan plizye sans.

  • Yo ka ankouraje moun k ap òganize pou travay pou chanjman.
  • Lè yon moun ap travay pou chanjman, souvan yo pèsekite l. Si moun nan ann afè avèk yon òganis ekstèn, sa kapab ba li yon mezi sekirite.
  • Si gen yon òganis ekstèn k ap kolabore nan yon aktivite, sa kapab pèmèt moun lokal yo pran li pi oserye. Konsa, yo ka pi enterese patisipe ladan l.
  • Yo ka bay yon bourad avèk resous finans ak konsèy teknik.
  • Yo ka pèmèt moun ki nan nesesite yo jwenn kontak ak lòt moun k ap konfwonte menm pwoblèm nan.

Anfas reyalite sa yo, fò n poze tèt nou yon kesyon: Kijan Limyè Lavi ka pòte yon efè pozitif pou moun ki nan nesesite yo pandan n ap evite tout efè negatif yo? Pou eseye reponn ak kesyon sa a, nou kreye prensip sa yo ki dwe gide nou lè n ap finanse yon pwojè:

1) Kòm moun ki pa soufri yon pwoblèm pa konprann li menm jan, manm Limyè Lavi yo dwe pare zorèy yo pou tande moun ki nan nesesite yo. Nou pa dwe izole nou yon fason pou nou pa goute anyen nan soufrans malere yo.

2) Soufrans pòv yo se pa yon aksidan. Li gen rapò ak fason richèz yo rive nan men moun ki rich yo. Nou chak dwe pran reskonsablite pou nou pa patisipe nan esplwatasyon lòt moun.

3) Se moun ki vreman nan nesesite yo, moun ki sanse wòch nan solèy, ki gen plis enterè pou pwoblèm yo rezoud. Si yon travay ap fèt nan enterè yo, yo dwe gen kontwòl sou li. Sa vle di yo dwe patisipe yon fason aktif nan tout aspè travay la.

  • Yo dwe patisipe nan idantifye ki sa yo bezwen.
  • Yo dwe patisipe nan brase lide pou wè kijan pwoblèm yo ka rezoud.
  • Yo dwe patisipe nan bati yon plan pou rezoud pwoblèm nan.
  • Yo dwe patisipe nan chache resous pou reyalize plan an.
  • Yo dwe patisipe nan egzekite plan an.
  • Yo dwe patisipe nan evalyasyon travay la.

4) Si pou moun ki nan nesesite patisipe nan bann demach sa yo, fòk yo òganize, fòk yo gen fòmasyon pou sa. Se poutèt sa, Limyè Lavi peze plis sou edikasyon ak fòmasyon k ap mennen nan liberasyon.

5) Limyè Lavi pa dwe derape ak yon pwojè pou kont li. Ta dwe gen yon (oubyen plizyè) òganizasyon lokal ki envite nou vin travay avèk yo. Limyè Lavi dwe apiye travay òganizasyon lokal yo ap fè.

6) Limyè Lavi dwe fè rechèch sou òganizasyon lokal la anvan l deside finanse li. Lè yon moun oubyen yon gwoup di se yo ki reprezante yon kominote, fò n gade l byen gade. Pafwa se afè pa yo y ap regle.

7) Limyè Lavi dwe bay sipò li sou baz yon akò ki klè.

  • Akò a dwe esplike poukisa Limyè Lavi ak patnè lokal yo ap kolabore ansanm.
  • Akò a dwe esplike ki wòl ni Limyè Lavi ni patnè yo ap jwe.
  • Nou dwe fè kopi akò a disponib pou tout pati ki enterèse. Tout moun ki konsènen dwe konnen sa k ladan l, yo gen dwa poze kesyon sou li.
  • Tout sa Limyè Lavi fè dwe respekte akò a.
  • Limyè Lavi pa dwe angaje l pou l finanse pwojè a vi. Akò a dwe defini pou konbyen tan Limyè Lavi ap bay sipò li, e sa ki dwe rive apre sa.
  • Akò a dwe defini ki lè travay la ap evalye, e ki jan.

8) Yon kominote pa dwe rèt sou kont èd k ap sòti lòt kote. Limyè Lavi dwe apiye pwojè ki rann kominote yo pi otonòm.

9) Limyè Lavi dwe apiye travay k ap fè moun rekonèt tout sa ki gen valè lakay yo, tankou, kilti yo, konesans yo, kapasite yo.

10) Limyè Lavi dwe travay nan enterè moun ki plis nan nesesite. Nou dwe apiye travay k ap fèt nan zòn ki pi neglije, ki ap touche gwoup moun ki pi meprize yo. Pa egzanp, timoun ki rete kay moun, peyizan analfabèt, fanm, granmoun aje.

 


"Has not God chosen those who are poor in the eyes of the world to be rich in faith and to inherit the kingdom promised to those who love him?" James 2:5

[Home] [Who We Are] [What We Do] [How to Help] [News & Essays] [Forum] [Contact]


Copyright 2002 Beyond Borders